KONBIT TRAVAYÈ PEYIZAN POU LIBERE AYITI

  • (KONTRAPEPLA)

  • EKSPRESYON POLITIK YON PWOJÈ PEYIZAN AYISYEN

  • KI GEN KARAKTÈ SOSYALIS,  EKOLOJIK, NASYONAL, DEMOKRATIK AK POPILÈ

  • (Pou Yon Pèp Lib nan Yon Peyi Granmoun)

Yon moun ka di ak rezon men yon lot pati politik an plis pou sevi enstriman anbisyon pouvwa kek politisyen.  Ki rezon ki ka jistifye parèt ak yon lòt pati   pami pil sila yo ki deja ankonbre teren politik la?  Nou di KONTRAPEPLA  se yon lòt vizyon Ayiti ki konekte ak yon lòt modèl sivilizasyon ki baze sou pwojè peyizan ki se  sous pou jwenn yon altènativ devan kriz kap boulvese bil limanite jounen jodi a.

Sivilizasyon peyizan an pou nou menm, se sivilizasyon moun ki fonde peyi sa a nan rezistans kont pwojè kolon blan ki chita sou fè tout bagay tounen machandiz, ni lanati, ni kretyen vivan. Se apre endepandans lan sivilizasyon peyizan an ta pral tanmen konsolide ak ansyen esklav yo ki te bay san yo pou jwenn yon moso tè ki rele yo chèmèt chè mètrès. 

Pou yo pa kontinye bourike nan plantasyon nouvo kolon yo, yo te swiv tras mawon yo, yo deside pran mòn pou ale travay pou yo viv ak diyite  kòm moun lib.  Se konsa yo te tounen peyizan kidonk moun kap viv prensipalman nan yon relasyon maryay ak tè a nan yon sans laj, ki vedi lanati a an jeneral.  Youn nan gwo pwensip fonksyonman sosyete sa a, se solidarite nan yon sans pwofon, ki pa rete sèlman nan bay kout men nan travay.  Pwensip solidarite sa a pwal esprime nan sa yo rele KONBIT, ak tout lòt fòm asosiyasyon travay ki makonnen ak li.  Men  sous li soti nan lide tout bagay nan inivè a konekte. Se yon filozofi lavi ki pa parye ditou ak jan kolon  (kit ayè kit jodi) wè lavi, kote tout bagay separe nan yon lesefwape kifkif, chak koukouy klere pou jel.  Kifè sa nou rele pwojè peyizan ayisyen se yon tantativ mas esklav kiltivatè yo apre lendepandans  sou tras mawon yo ak endijèn natif natal yo te tanmen pou konstwi yon sosyete ki chita sou pwensip ekilib ak lamoni nan inivè a.

KONTRAPEPLA defini tèt li kòm ekspresyon politik  pwojè sa a ki chita sou sivilizasyon peyizan ayisyen.